Skip to main content

Biwo Defansè Dwa Kontribyab Eta New York (New York State Office of the Taxpayer Rights Advocate)


Èske ou gen yon pwoblèm zafè nan Eta New York?

Nou kapab jwenn yon solisyon.

Si w pa ka rezoud yon pwoblèm taks avèk Depatman Taks (Tax Department) la nan fason nòmal yo, Biwo Defansè Dwa Kontribyab (Office of the Taxpayer Rights Advocate) kapab ede ou.

Biwo Defansè Dwa Kontribyab Eta New York ka ede ou:

  • si w pa ka rezoud yon pwoblèm taks avèk Depatman Taks la nan fason nòmal yo; oswa
  • si w bezwen èd pou rezoud yon pwoblèm taks ou gen depi lontan.

Pa inyore pwoblèm taks ou yo

Lè ou inyore pwoblèm taks ou se bagay ki pi mal la ou te kapab fè. Lè w inyore dèt taks ou sa pa vle di yo pral disparèt. Men ou gen chwa: 

  • gen plan pou w peye pa vèsman ki pa chè disponib; epi
  • kèk kontribyab ka kalifye pou yon antant pou regle dèt la.

Yon defansè ka ede ou

Yon defansè kapab travay avèk ou ak Depatman Taks la pou ede rezoud dosye ou a epi remete ou sou pye ou. Yon defansè pral:

  • bay èd ki gratis ak endepandan;
  • asire byen Depatman Taks la egzaminen dosye w la nan yon delè ki apwopriye;
  • ede w konprann avi enpòtan ak dat limit enpòtan yo; epi
  • eksplike ou dwa ak responsablite ou yo selon lalwa - tankou dwa ou pou w konteste yon desizyon.

Ale sou sitwèb nou an epi enprime Fòm DTF-911, Request for Assistance from the Office of Taxpayer Rights Advocate (Demann pou Asistans nan men Biwo Defansè Dwa Kontribyab la).

Rele 518-530-HELP (4357)

Poste fòm ou ranpli a nan adrès:

NYS TAX DEPARTMENT
OFFICE OF THE TAXPAYER RIGHTS ADVOCATE
W A HARRIMAN CAMPUS
ALBANY NY 12227

Si ou bezwen èd, rele nou nan 518-530-4357 epi mande yon entèprèt.

Updated: